144 KCD – Vini pou chanté

1.

Vini pou chanté

Avèk jwa nan kè nou.

Lè nou gengnen jwa,

Bondye, Li kontan tou.

 

2.

Sé Bondye ki fè

Ti zwazo yo chanté.

Sé Li ki mété

La jwa nan kè nou tou.

 

3.

Lè gen nwaj nan syèl,

Lè loraj ap gwondé,

Sé pou nou sonjé

Tou sa gen pou fini.

 

4.

Chanté nan chémen

Avèk kè nou kontan.

Chanté jouk la fen,

Tristès pa pou lontan.

line
footer
Powered by A.L. Synergy | Designed by Haitian Youth